LGBT vle di moun ki lèsbyan, omoseksyèl, biseksyèl, ak trans, men tou li gen ladan moun ki aseksyèl, panseksyèl, ak entèseksyon. Moun sa yo nan kominote LGBT. Moun yo kapab chwazi idantifye tèt yo ak anpil mo diferan. Ankò, kek moun kwape tèminoliji sa a, angiz ap anfavè “kominote M”–sa ap vle di moun ki Masisi, Madivin, Makomer, ak Miks–demanyè pou reprezante pi bon idantite inik yo an Ayiti, e pa nan Lafrans, Etazini, elatriye.

Dwa yo ak Politik yo

edit

Atitid Sosyal

edit

Paske 80% nan Ayisyen se Katolik, ki te swiv pa Pwotestan ak Islam, anpil moun wè LGBT moun negatif. Pè arasman oswa diskriminasyon, LGBT moun yo pa gen okenn chwa eksepte pou ap viv an kachèt. [[1] Sa fè relasyon ki pi menm sèks polyamore depi yo twò difisil kenbe an sekrè [2]

Yon sèl eksepsyon sosyal se Vodou a, yon relijyon ke kite moun yo ke idantifye tèt yo ak Kominote M fè banda epi santi yo konfòtab tankou nwa e Masisi, Madivin, Makomer, ou Miks. Lwa yo tèlke Ezili Danto, ki konsène Revolisyon ayisyen, se yon protektè a pou fanm ki renmen fanm (Madivin). Ezili Danto menm li pito renmen fanm yo pase renmen nonm yo. Ezili Freda, sè Ezili Danto, fè pou nonm ki renmen nonm (Masisi), sa sè l fè pou Madivin. Leplisouvan, nonm imite l avek rad anpenpan, epi li pèmèt yo eksprime tèt yo, tankou “drag” nan Etazini. [3]

Pwòblem Dwa Moun

edit

Pwoteksyon Konstitisyonèl

edit

Konstitisyon an nan Ayiti, ratifye nan lane 1981, pa entèdi diskriminasyon ki baze sou idantite seksyèl oswa oryantasyon seksyèl. Sepandan, Konstitisyon an garanti tout sitwayen dwa pou swen sante, lojman, edikasyon, manje, ak sekirite sosyal.[4]

Pwoteksyon Dwa Sivil

edit

Lwa a pa entèdi diskriminasyon sou kont oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl konsènan travay, edikasyon, swen sante, lojman, finans, akomodasyon piblik ak transpò. Pa gen yon lwa krim rayi pou adrese arasman ak vyolans ki dirije nan LGBT moun.

Relasyon menm sèks

edit

Sena a te pase yon lwa nan mwa Out 2017 ki kriminalize maryaj menm sèks. Adopsyon legal. [5]

Pwòblem nan dènye deseni

edit

Pandan kriz SIDA, mond lan asosye Ayiti ak omoseksyèlite ak SIDA.

edit

2010 tranbleman tè

edit

Gen yon kwayans popilè nan Ayiti ki Masisi te lakòz tranbleman tè 2010 la paske yo te fè move lespri yo fache.

Yon ti tan apre tranbleman tè a, anpil moun LGBT te rapòte vyòl ak yon ogmantasyon nan asèlman seksyèl akòz prekorite pou yo viv nan abri tanporè ak pwoteksyon limite. Vyolans Lapolis, anplis, kontinye ap konekte pa mank pwoteksyon Ayiti pou moun LGBT yo.[6]